Akademi

🎓 PROTRACK AKADEMI

DEVNI YON PI BON PWODIKTÈ,
YON ETAP ALAFWA

Aprann Beatmaking, Miksaj ak lòt skills ou bezwen pou amelyore mizik ou ,avèk fòmasyon, resous, live training ak coaching selon plan ou chwazi a.

✓ Fòmasyon an Kreyòl ✓ Nouvo kontni chak mwa ✓ Sètifika Fòmasyon ✓ Kominote
🎁 SAN RISK

KÒMANSE GRATIS.

Kreye yon kont gratis epi jwenn aksè imedya ak kèk videyo de baz , san kat kredi, san angajman. Lè ou santi ou pare, ou monte nan Basic, Pro oswa Elite.

💻Kòman pou enstale FL Studio
🎛️Konprann entèfas FL Studio
🎚️Kòman pou prepare yon template mix
🍎Videyo entwodiksyon sou Logic Pro
🎓 PROTRACK AKADEMI

CHWAZI PLAN OU

Antre nan pi gwo akademi mizik kreyòl la. Aprann fè mizik pwofesyonèl, jwenn resous eksklizif, epi fè pati yon kominote ki vle wè ou reyisi.

💰 Valè reyèl: $500+ — A pati de $29/mwa — Anile nenpòt ki lè, san penalite

⭐⭐⭐⭐⭐ 500+ elèv deja fè konfyans nan BSJ Prod

Gade tout temwayaj yo →
Foundation
BASIC
$29/mwa

Pou konstwi bon fondasyon nan pwodiksyon.

Sa ou jwenn:
🎓
2 Fòmasyon
Aprann Fè Beat + Aprann Mikse Vwa
🥁
1 Drum Kit / mwa
📚
1 Nouvo Tutoryèl / mwa
🏆
Sètifika Fòmasyon
Resevwa yon sètifika chak fwa ou konplete yon fòmasyon
💬
Kominote Prive WhatsApp
✕
Aksè a tout fòmasyon Akademi an
✕
Feedback pèsonèl sou beat ou
Kòmanse Basic — $29/mwa →

✓ Garanti satisfaksyon 7 jou

🔒 SÈLMAN 10 PLAS
Personal Coaching
ELITE
$97/mwa

Pou pwodiktè ki vle plis pase kontni, men yon akonpayman ak direktyon.

✅
Tout sa Plan PRO a ofri
Fòmasyon, Drum Kit, Loop Kit, FL Template, Tutoryèl — chak mwa
Plis Coaching Pèsonèl:
👨🏾‍🏫
Coaching Dirèk
Kontak pèsonèl pou ede w pwogrese
🎧
Feedback Pèsonèl sou Beat & Miksaj
🔴
Live 2x/mois
📈
Swiv Pwogrè Ou
💬
Gwoup Prive Elite (WhatsApp)
🔒 Aplike pou Elite — $97/mwa

Limite a selman 10 moun.

📲

Pa gen kat kredi?

Ou ka peye ak MonCash oswa NatCash tou — jis kontakte nou sou WhatsApp, epi nou konfime abònman w lan manyèlman.

💬 Kontakte Nou sou WhatsApp
❤️ Temwayaj

Sa Elèv Yo Di

Elèv ki te deja swiv fòmasyon ,men sa yo di...

★★★★★

"Apre 2 mwa nan Akademi BSJ Prod, nivo mwen monte drastikman."

★★★★★

"An kreyòl, mwen konprann tout bagay 100%. Mwen aprann plis an 1 mwa."

★★★★★

"Kours biznis mizik la ouvri je mwen sou endistri a. Mèsi BSJ!"

★★★★★

"BSJ Prod chanje lavi mwen. Mwen kòmanse vann beat mwen yo!"

★★★★★

"Fòmasyon FL Studio a se meye envestisman mwen fè nan mizik."

★★★★★

"Grasa BSJ Prod mwen rive travay ak yon atis ki gen 50K abòne."

★★★★★

"Mwen pa t janm panse mwen ta kapab aprann mizik. BSJ rann sa posib."

★★★★★
🔒 Peman Sekirize (Stripe)
↩️ Anile Nenpòt Ki Lè
⚡ Aksè Imedya
🇭🇹 100% An Kreyòl
📊 KONPARE

MEN SA KI FÈ YO DIFERAN

AvantajBASICPROELITE
2 Fòmasyon prensipal✓✓✓
Tout Fòmasyon Akademi—✓✓
Drum Kit chak mwa✓✓✓
Loop Kit chak mwa—✓✓
FL Studio Template—✓✓
Nouvo Tutoryèl chak mwa✓✓✓
Live Training—1/mwa2x/mois
Feedback sou Beat——✓
Feedback sou Miksaj——✓
Swiv Pwogrè——✓
Coaching Pèsonèl BSJ——✓
Sètifika Fòmasyon✓✓✓

BASIC ede w APRANN. PRO ede w DEVLOPE. ELITE ede w AKSELERE.

💡 KONPRANN

SA W AP ACHTE VRÈMAN

ProTrack Akademi se plis pase yon bibliyotèk videyo.

🎓

APRANN

Fòmasyon estriktire pou ede w devlope skills ou etap pa etap.

🛠️

PRATIKE

Ou jwenn Drum Kits, Loop Kits, ak Templates pou ede w aplike sa w aprann.

🔴

ENTÈRAJI

Avèk Live Training yo, ou aprann an dirèk, poze kesyon, wè teknik yo aplike.

👥

KOMINOTE

Ou pa oblije devlope poukont ou ,gen yon espas kote lòt pwodiktè ap aprann ansanm avè w.

🎯

JWENN FEEDBACK

Avèk Elite, wap jwenn akonpayman dirèkteman nan travay ou pou ede w konnen sa ou bezwen amelyore.

🏆

VALIDE PWOGRÈ OU

Lè ou konplete yon fòmasyon, ou resevwa Sètifika Fòmasyon ou otomatikman.

🏆 REKONESANS

FINI FÒMASYON AN.
RESEVWA SÈTIFIKA OU.

Nou pa vle ou jis gade yon fòmasyon. Nou vle ou rive nan fen li.

Chak fwa ou konplete yon fòmasyon nèt, sistèm Akademi an ba ou otomatikman yon Sètifika Fòmasyon ki gen:

  • Non ou
  • Non fòmasyon an
  • Non ProTrack Akademi
  • Dat ou konplete fòmasyon an

Yon prèv ke ou te konplete fòmasyon an — pou ou telechaje epi pataje.

PROTRACK AKADEMI
Akademi Mizik Pwofesyonèl an Kreyòl
SÈTIFIKA KONPLETASYON
Sa sètifye ke
[NON OU]
finn konplete ak siksè fòmasyon
APRANN MIKSE VWA
[DAT]
DAT
Belensky j. Saint Juste
SIYATI
📅 CHAK MWA

KISA W AP JWENN CHAK MWA?

Chak mwa, Akademi an kontinye grandi avèk ou.

BASIC

  • 🥁 1 Drum Kit
  • 📚 1 Nouvo Tutoryèl

PRO

  • 🥁 1 Drum Kit
  • 🎹 1 Loop Kit
  • 🎛️ 1 FL Template
  • 📚 1 Nouvo Tutoryèl
  • 🔴 1 Live Training

ELITE

  • 🥁 1 Drum Kit
  • 🎹 1 Loop Kit
  • 🎛️ 1 FL Template
  • 📚 1 Nouvo Tutoryèl
  • + Live 2x/mois
  • + Feedback pèsonèl
  • + Swiv pwogrè
⚙️ PWOSESIS

KISA K AP RIVE APRE OU ANTRE?

Kòmanse nan 4 etap senp.

01

CHWAZI PLAN OU

Chwazi Basic, Pro oswa Elite selon bezwen ou.

02

ANTRE NAN AKADEMI AN

Aksede fòmasyon ak resous ki disponib pou plan ou.

03

APRANN & APLIKE

Swiv fòmasyon yo epi aplike sa w aprann nan pwòp pwodiksyon ou.

04

KONTINYE MONTE NIVO

Pwofite nouvo kontni, resous ak sesyon yo chak mwa. Elite: jwenn feedback pèsonèl pou akselere pwogrè ou.

🚀

POUKISA PRO SE PLAN
KI PI POPILÈ?

Paske li ba ou yon bagay Basic pa bay: tout Akademi an nan yon sèl abònman. Ou pa bezwen chwazi sèlman kèk fòmasyon.

🎓 Fòmasyon
🥁 Drum Kits
🎹 Loop Kits
🎛️ FL Templates
📚 Tutoryèl
🔴 Live Training
💬 Kominote
🏆 Sètifika Fòmasyon

Si objektif ou se pran pwodiksyon ou pi seryezman san ou poko bezwen coaching pèsonèl, Pro se pi bon pwen depa a.

Chwazi Pro →
🏆

ELITE PA POU TOUT MOUN

Elite gen tout sa Pro ofri (fòmasyon, kits, templates, tutoryèl), men objektif prensipal li se yon sèl bagay: ba ou kontak dirèk ak BSJ pou aprann.

✅ Tout sa Pro ofri (fòmasyon, kits, templates, tutoryèl)
👨🏾‍🏫 Kontak dirèk pou coaching pèsonèl
🎧 Feedback pèsonèl sou beat ak mix ou
📈 Swiv pwogrè ou etap pa etap
🔴 Live 2x/mois
🔒 Sèlman 10 plas disponib

Objektif la se pa sèlman pou w aprann plis ,se pou w konnen egzakteman sa ou bezwen amelyore, avèk yon moun ki swiv ou dirèkteman. Paske coaching pèsonèl mande tan ak atansyon, nou kenbe limit sa a 10 moun sèlman.

🔒 Aplike pou Elite →
❓ Kesyon Frekan

Ou Gen Kesyon? Nou Gen Repons

Èske mwen ka chanje plan m pita?
Wi. Konekte ak menm imèl ou itilize deja a, klike sou nouvo plan ou vle a, peye, epi kont ou otomatikman jwenn nouvo aksè a san ou pa bezwen kreye yon lòt kont.
Èske mwen jwenn aksè ak tout fòmasyon yo?
Sa depann de plan ou. Basic gen aksè ak 2 fòmasyon prensipal yo. Pro ak Elite gen aksè ak tout fòmasyon Akademi an.
Èske mwen resevwa yon sètifika?
Wi. Chak fwa ou konplete yon fòmasyon nèt, ou resevwa otomatikman yon Sètifika Fòmasyon ak non ou, non fòmasyon an, ak dat konplesyon an.
Èske Basic gen Live Training?
Non. Live Training kòmanse nan plan Pro.
Ki diferans ant Live Pro ak Live Elite?
Pro gen 1 Live an gwoup chak mwa. Elite gen Live 2 fwa pa mwa, ansanm ak feedback ak coaching pèsonèl.
Èske Elite se yon coaching pèsonèl?
Wi. Elite gen tout sa Pro ofri, plis plis akonpayman pèsonèl, tankou feedback sou beat/mix ou ak swiv pwogrè ou dirèkteman.
Èske mwen ka eseye anvan mwen peye?
Wi. Ou ka kreye yon kont gratis epi jwenn aksè imedya ak kèk videyo de baz (enstalasyon FL Studio, entèfas FL Studio, template mix, entwodiksyon Logic Pro) , san kat kredi, san angajman. Lè ou pare, ou ka monte nan Basic, Pro oswa Elite nenpòt ki lè.
Si mwen pa gen kat kredi, èske mka peye yon lòt jan?
Wi. Si ou pa gen kat kredi/debi entènasyonal, ou ka peye ak MonCash oswa NatCash. Jis kontakte nou sou WhatsApp, di nou ki plan ou vle a, epi nou gide w pou fè peman an. Yon fwa nou konfime li, nou aktive kont ou manyèlman anndan 24è.
Èske nou bay plugins?
Non , pou rezon etik, nou pa ka pataje plugins krake (pirate). Sa pa anpeche ou jwenn zouti ki solid pou travay ou: nan gwoup WhatsApp Akademi an, chak fwa nou jwenn bon plugins ki gratis (free/lÊgal), nou toujou voye lyen yo pou tout moun nan gwoup la. Objektif nou se ede w monte san ou pa gen pwoblèm legal ak zouti ou itilize.
Èske mwen ka anile abònman m nenpòt ki lè?
Wi, san okenn pwoblèm. Ou ka anile abònman w nenpòt ki lè dirèkteman nan dashboard ou, san penalite ak san kontra ki blije w rete.
🎯 DENYE ETAP

KI NIVO OU VLE RIVE?

Aprann fondasyon yo. Devlope skills ou. Oswa jwenn akonpayman pèsonèl pou akselere pwogrè ou.

Scroll to Top